2 Samuel 8:6
Apre sa, David mete kèk ganizon sòlda pa l' nan teritwa Damas la. Moun peyi Siri yo soumèt devan li. Li fè yo peye l' taks chak lè. Se konsa, Seyè a te fè David genyen tout batay kote l' pase.
Bib La
In The King James Version
In Context
7David sezi tout gwo plak pwotèj an fè chèf lame wa Adadezè yo, li pote yo lavil Jerizalèm.
Cross References
1 Samuel 13:3Jonatan touye chèf moun Filisti yo ki te rete lavil Gibeya a. Moun Filisti yo vin konn sa. Sayil voye moun kònen twonpèt nan tout peyi a pou avèti pèp ebre a.
1 Samuel 14:6Jonatan di jenn gason an: -Ann janbe lòt bò nan kan moun Filisti yo, bann moun sa yo ki pa sèvi Seyè a. Ou pa janm konnen, Seyè a ka ede nou. Paske pa gen anyen ki ka anpeche l' fè nou genyen, nou te mèt anpil, nou te mèt pa anpil.
2 Samuel 3:18Enben, men chans nou. Paske men sa Seyè a te di sou David: Mwen pral sèvi ak David, sèvitè m' lan, pou m' delivre pèp Izrayèl la, pèp mwen an, anba men moun Filisti yo ak anba men tout lòt lènmi l' yo.
2 Samuel 7:9Nan tou sa ou t'ap fè, mwen te kanpe la avè ou. Mwen kraze tout lènmi ou yo devan ou. Mwen pral fè yo nonmen non ou tankou y'ap nonmen non pi gwo chèf ki sou latè.
2 Samuel 8:14Li mete kèk ganizon sòlda pa l' nan teritwa Edon an. Moun Edon yo soumèt devan li. Li fè yo peye l' taks chak lè. Se konsa Seyè a te fè David genyen tout batay kote l' pase.
2 Samuel 23:14Lè sa a, David te nan ti fò a. Yon gwoup moun Filisti te pran lavil Betleyèm.