2 Thessalonians 1:9
Chatiman moun sa yo, se disparèt y'ap disparèt yo pou tout tan. Y'ap wete yo devan Seyè a, y'ap voye yo jete byen lwen pou yo pa janm resevwa pa yo nan pouvwa Seyè a ak nan lwanj y'ap fè pou li a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 4:16Apre sa, Kayen wete kò l' devan Seyè a, li al rete nan yon peyi yo rele Nòd, lòt bò jaden Edenn lan, sou kote solèy leve a.
Job 21:14Se yo menm k'ap plede di Bondye: Kite n' an repo! Nou pa bezwen konnen jan ou vle pou moun viv la.
Psalms 16:11W'a fè m' konnen chemen ki bay lavi a. Paske ou la avè m', mwen pa manke kontan. Bò kote ou, Seyè, se yon plèzi ki p'ap janm fini.
Isaiah 2:10Yo pral kache kò yo nan twou wòch. Yo pral fouye twou anba tè pou yo chape anba kòlè Seyè a. Sezisman va pran yo lè y'a wè Seyè a. Y'a kouri al kache lè pouvwa li va parèt aklè.
Isaiah 2:21Lè Seyè a va vini pou l' fè tè a tranble, yo pral kache kò yo nan twou wòch, yo pral fouye twou anba tè. Sezisman va pran yo lè y'a wè Seyè a. Y'a kouri al kache lè pouvwa li ap parèt aklè.
Isaiah 66:24Lè y'ap kite lavil la, y'a wè kadav moun ki te vire do ban mwen yo. Vè k'ap manje yo p'ap janm mouri, dife k'ap boule yo a p'ap janm tenyen. Tout moun sou latè pral gen kè plen lè y'a wè sa!