2 Timothy 1:16
Mwen mande Seyè a pou li gen pitye pou moun lakay Onezifò yo. Paske, anpil fwa Onezifò vin konsole mwen. Li pa t' wont mwen dèske mwen te nan prizon.
Bib La
In The King James Version
In Context
17Okontrè, lè li rive lavil Wòm, li touye tèt li chache m' jouk li jwenn mwen.
Cross References
Nehemiah 13:14Se poutèt sa, O Bondye mwen, pa bliye m', tanpri! Pa bliye tout bagay sa yo mwen te fè pou tanp ou a ak pou regleman ou bay yo, paske mwen bay lavi m' nèt pou sèvi ou!
Nehemiah 13:31Mwen bay lè pou yo fè ofrann bwa yo ak ofrann premye grenn ak premye fwi ki mi nan jaden lè rekòt. O Bondye mwen, pa bliye m' tande! Pa bliye se mwen menm ki fè tou sa!
Psalms 37:26Okontrè, moun ki mache dwat l'a toujou gen kè sansib pou l' bay, pou li prete moun tou. Tout pitit pitit li yo tounen yon benediksyon pou lòt moun.
Matthew 5:7Benediksyon pou moun ki gen kè sansib, paske Bondye va fè yo wè jan li gen kè sansib tou.
Matthew 25:17Konsa tou, domestik ki te resevwa demil (2.000) goud la fè demil (2.000) goud benefis.
Acts 28:20Se poutèt sa mwen fè rele nou pou m' wè nou, pou m' pale ak nou, pou m' di nou se poutèt moun pèp Izrayèl t'ap tann lan kifè yo mare m' ak chenn sa a.