Nehemiah 13:14
Se poutèt sa, O Bondye mwen, pa bliye m', tanpri! Pa bliye tout bagay sa yo mwen te fè pou tanp ou a ak pou regleman ou bay yo, paske mwen bay lavi m' nèt pou sèvi ou!
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
2 Kings 20:3Li di: —Tanpri, Seyè! Chonje jan mwen te sèvi ou ak tout kè mwen san m' pa janm vire do ba ou! Mwen te toujou fè sa ou te vle m' fè. Epi li pran kriye kont kriye l'.
2 Chronicles 24:16Yo antere l' nan tonm wa yo nan lavil David la, paske li te fè anpil pou pèp Izrayèl la, pou Bondye ak pou Tanp li a.
Ezra 7:20Si gen lòt bagay ou bezwen ankò pou tanp Bondye ou la, ou mèt pran nan kès wa a pou achte yo.
Ezra 7:27Lè sa a, Esdras di: -Lwanj pou Seyè a, Bondye zansèt nou yo! Li mete nan tèt wa a lide pou l' fè tout bèl bagay sa yo pou tanp Seyè a lavil Jerizalèm.
Nehemiah 13:22Mwen bay moun Levi yo lòd pou yo fè sèvis pou mete tèt pa yo nan kondisyon pou fè sèvis Bondye, apre sa pou yo vin veye pòtay yo pou nou te ka fete jou repo a jan Bondye vle l' la. Poutèt sa tou, o Bondye mwen, pa bliye mwen! Pou jan ou gen bon kè, tanpri, pitye pou mwen!
Psalms 122:6Lapriyè Bondye pou pa gen dezòd lavil Jerizalèm ankò. Se pou tout moun ki renmen ou yo viv ak kè poze.