2 Timothy 1:10
Koulye a, li fè nou konnen favè sa a avèk Jezikri, Sovè nou, ki te vini an. Paske, Jezikri kraze pouvwa lanmò te genyen an. Avèk bon nouvèl la, li fè lavi ki p'ap fini nan lanmò a parèt aklè.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Isaiah 25:7Se sou mòn sa a li pral wete gwo vwal ki te sou tèt tout nasyon yo, vwal ki te ba yo kè sere a.
Isaiah 45:15Tansèlman se yon Bondye moun pa ka wè. Bondye pèp Izrayèl la, se li ki konn delivre moun!
Isaiah 60:2Lòt nasyon yo nan fènwa, yon nwaj kouvri lòt pèp yo. Men limyè Seyè a pral leve sou nou! Pouvwa li pral parèt sou nou!
Luke 2:11Jòdi a, nan lavil David la, nou gen yon Sovè ki fenk fèt: se Kris la, Seyè a.
Luke 11:36Paske si tout kò ou nan limyè san yon sèl pati ladan l' pa nan fènwa, la klere nèt tankou lè yon lanp klere ou ak bèl limyè li.
John 1:9Limyè sa a, se li ki limyè tout bon an. Se li menm ki vin sou latè epi k'ap klere tout moun.