2 Timothy 4:2
Fè konnen pawòl Bondye a, mache bay li san pran souf, nan tout sikonstans, tan an te mèt bon li te mèt pa bon. Bay tout kalite prèv, rale zòrèy, bay konsèy, moutre moun yo verite a avèk pasyans nèt ale.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Isaiah 61:1Lespri Bondye, Seyè a, desann sou mwen. Paske Seyè a chwazi m', li voye m' pou m' anonse bon nouvèl la bay moun ki nan lapenn yo, pou m' geri tout moun k'ap soufri yo, pou m' fè tout moun yo te depòte yo konnen yo delivre, pou m' fè tout prizonye yo konnen pòt prizon louvri pou yo.
Luke 4:18Lespri Bondye a sou mwen. Li chwazi m' pou m' anonse bon nouvèl la bay pòv yo. Li voye m' pou m' fè tout prizonye yo konnen yo lage, pou m' fè tout avèg yo konnen yo kapab wè ankò, pou m' delivre moun y'ap maltrete yo,
Luke 7:23benediksyon pou moun ki p'ap jwenn nan mwen okazyon pou yo tonbe nan peche.
John 4:6Se la pi Jakòb la te ye. Jezi menm te bouke, vwayaj la te fatige l' anpil. Li chita sou rebò pi a. Li te bò midi konsa.
Acts 13:5Lè yo rive Salamin yo tanmen anonse pawòl Bondye a nan sinagòg jwif yo. Yo te gen Jan Mak avèk yo pou ede yo.
Acts 16:31Yo reponn li: Mete konfyans ou nan Seyè Jezi, epi wava delivre, ou menm ansanm ak tout fanmi ou.