2 Timothy 4:7
Mwen fin mennen batay la byen mennen, mwen rive nan bout kous mwen, mwen kenbe konfyans mwen fèm nan Bondye.
Bib La
In The King James Version
I have fought a good fight, I have finished my course, I have kept the faith:
In Context
Cross References
Judges 3:2Li te fè sa konsa pou l' te ka moutre chak jenerasyon pèp Izrayèl la sa yo rele fè lagè, sitou sa ki pa t' janm al nan lagè anvan sa.
Luke 8:15Grenn ki tonbe nan bon tè a, se moun ki sensè, ki gen bon kè, ki tande pawòl la, yo kenbe l' nan kè yo. Yo toujou rete fèm jouk yo donnen.
John 4:34Jezi di yo: Manje pa m', se fè volonte moun ki voye m' lan; se pou m' fin fè travay li ban m' fè a.
Acts 13:25Lè Jan te prèt pou fini ak misyon l' lan, li di pèp la: Ki moun nou kwè mwen ye? Moun n'ap tann lan, se pa mwen. Men, koute, moun sa a ap vini apre mwen. Mwen menm, mwen pa bon ase pou m' ta demare kòd sapat ki nan pye li.
1 Corinthians 9:24Lè y'ap fè konkou pou wè kilès ki ka kouri pi vit, tout moun gen pou kouri. Men, se yon sèl ki gen premye pri a. Nou konn sa, pa vre? Enben, nou menm tou, kouri pou n' ka genyen kous la.
1 Timothy 1:18Timote, pitit mwen, m'ap renmèt ou kòmandman sa a, dapre pawòl pwofèt Bondye yo te di sou ou nan tan lontan an. Pran fòs sou pawòl sa yo pou ou ka mennen batay la byen.