3 John 1:2
Gayis monchè, mwen swete tout bagay ap mache byen pou ou. Mwen swete ou an sante nan kò ou tankou ou an sante nan lespri ou.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Philippians 2:4Piga pesonn chache enterè pa l' ase. Se pou l' chache sa ki bon pou lòt yo tou.
Colossians 1:4Mwen pran nouvel jan nou gen konfyans nan Jezikri, jan nou renmen tout moun ki fè pati pèp Bondye a.
1 Thessalonians 2:13Se konsa, mwen pa sispann di Bondye mèsi tou pou jan nou te pare zòrèy nou koute lè m' t'ap fè nou konnen pawòl Bondye a. Nou te resevwa l' pou sa l' ye a: pou pawòl Bondye, pa pou pawòl lèzòm. Se pawòl sa a k'ap travay nan kè nou, nou menm ki gen konfyans nan Bondye.
1 Thessalonians 3:6Men koulye a, Timote fèk rive sot lakay nou, li fè kè m' kontan, li ban m' bon nouvèl, li di m' jan nou gen konfyans ak renmen. Li di m' jan nou menm tou nou toujou chonje m', jan nou anvi wè m', menm jan mwen menm mwen anvi wè nou.
2 Thessalonians 2:13Se yon devwa pou mwen pou m' pa janm sispann di Bondye mèsi pou nou, frè m' yo, nou menm Seyè a renmen. Paske, Bondye chwazi nou pou nou ka premye moun ki pou delivre, gremesi pouvwa Sentespri ki fè nou tounen moun pa l', paske nou kwè nan verite a.
James 5:12Anvan tout lòt bagay, frè m' yo, men sa ki pi enpòtan: piga nou fè sèman sou syèl la, ni sou latè a, ni sou ankenn lòt bagay. Lè nou di wi, se wi, non, se non. Konsa, nou p'ap tonbe anba jijman Bondye.