Akdèzapot 1:11
Dezòm yo di yo: Nou menm, moun Galile, poukisa nou rete la ap gade syèl la konsa? Jezi sa a ki fèk sot nan mitan nou an pou moute nan syèl la, li gen pou l' tounen menm jan nou wè l' moute nan syèl la.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Matthew 16:27Konprann sa byen, Moun Bondye voye nan lachè a gen pou l' tounen ak zanj li yo, nan tout bèl pouvwa Papa l' la. Lè sa a, li va bay chak moun sa yo merite dapre sa yo fè.
Matthew 25:31Lè Moun Bondye voye nan lachè a va vini nan tout bèl pouvwa li ak tout zanj li yo, la chita sou fotèy li ak tout bèl pouvwa li.
Mark 14:70Men Pyè demanti l' ankò. Yon kadè apre, moun ki te la yo di Pyè ankò: -Se vre, monchè. Ou fè pati moun sa yo, ou se moun Galile.
Luke 24:5Medam yo te pè anpil. Yo bese tèt yo atè; men de moun yo di yo konsa: Poukisa n'ap chache moun vivan an nan mitan mò yo?
Acts 2:7Yo pa t' manke sezi. Yo t'ap gade, yo t'ap di: Moun sa yo k'ap pale la a, apa moun Galile yo tout ye?
Acts 13:31Apre sa, pandan plizyè jou, moun ki te moute Jerizalèm soti peyi Galile ansanm avèk li yo, yo te wè l' ak je yo. Se yo menm k'ap sèvi l' temwen koulye a devan pèp Izrayèl la.