Matthew 16:27
Konprann sa byen, Moun Bondye voye nan lachè a gen pou l' tounen ak zanj li yo, nan tout bèl pouvwa Papa l' la. Lè sa a, li va bay chak moun sa yo merite dapre sa yo fè.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Job 34:11Li bay chak moun sa yo merite dapre sa yo fè. Li aji ak yo dapre jan yo mennen bak yo.
Proverbs 24:12Si ou pran pòz ou pa t' konn sa, chonje Bondye. Li menm k'ap jije sa ki nan kè moun, l'ap wè sa. Li menm k'ap veye tou sa w'ap fè, l'ap konn sa. L'ap fè tout moun peye pou sa yo fè.
Jeremiah 17:10Mwen menm Seyè a, mwen konnen tout lide ki nan tèt yo, mwen sonde santiman ki nan kè yo. M'ap bay chak moun sa yo merite dapre jan yo mennen bak yo.
Ezekiel 7:27Wa a pral nan gwo lapenn. Pitit wa a pral rete sezi, tout pèp la pral tranble. M'ap pini yo pou sa yo fè, m'ap fè yo menm sa yo te fè lòt moun. Lè sa a, y'a konnen se mwen menm ki Seyè a.
Zechariah 14:5N'a lonje fon an pou nou kouri chape kò nou jouk n'a rive lòt bò mòn Atsèl. N'a kouri met deyò menm jan zansèt nou yo te fè l' la lè tranblemanntè a te pase sou rèy Ozyas, wa peyi Jida a. Seyè a, Bondye nou an, va vini, l'ap mennen tout moun pa l' yo avè l'.
Matthew 10:41Moun ki resevwa yon pwofèt Bondye paske se pwofèt Bondye li ye, moun sa a va resevwa rekonpans yo bay yon pwofèt. Moun ki resevwa yon nonm k'ap mache dwat devan Bondye paske se yon moun dwat li ye, moun sa a va resevwa rekonpans yo bay yon moun k'ap mache dwat.