The Bible Software
bible.software › Akdèzapot › Akdèzapot 1 › Akdèzapot 1:13

Akdèzapot 1:13

Lè yo rive Jerizalèm, yo moute nan chanm anwo kay kote yo konn ye a. Lè sa a te gen Pyè, Jan, Jak ak Andre, Filip ak Toma, Batèlmi ak Matye, Jak, pitit Alfe a, Simon, nonm patriyòt la, epi Jid, pitit Jak la.

Bib La

In The King James Version

And when they were come in, they went up into an upper room, where abode both Peter, and James, and John, and Andrew, Philip, and Thomas, Bartholomew, and Matthew, James the son of Alphaeus, and Simon Zelotes, and Judas the brother of James.

In Context

12Apre sa, apòt yo desann mòn Oliv, yo tounen Jerizalèm. Mòn lan te toupre lavil la, distans yon kilomèt konsa.

14Yo tout mete tèt yo ansanm, yo t'ap lapriye san rete. Medam yo te la tou ansanm ak Mari, manman Jezi, ak frè l' yo tou.

Read all of Akdèzapot 1

Cross References

Matthew 4:18Antan Jezi t'ap mache bò lanmè Galile a, li wè de frè: Simon, yo rele Pyè a, ak Andre, frè li. Yo t'ap voye privye nan lanmè a, paske se pechè pwason yo te ye.

Matthew 10:2Men non douz apòt yo: Premye a se te Simon (li te ba l' yon ti non: Pyè) ak Andre, frè li. Te gen Jak, pitit Zebede, ak Jan, frè li.

Mark 3:16Men douz moun li te chwazi yo: Se te Simon (Jezi te ba li yon ti non Pyè),

Mark 9:2Sis jou apre sa, Jezi pran Pyè, Jak ak Jan; li mennen yo pou kont yo sou tèt yon mòn byen wo. Figi l' chanje la devan yo;

Mark 14:33Li pran Pyè, Jak ak Jan avè li. Lamenm, li santi yon frison nan rèl do l' ak yon kè sere ki pran li.

Luke 6:13Lè l' fè jou, li rele disip li yo, li chwazi douz nan yo, li rele yo apòt.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)聖書 (日本語)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBiblia TakatifuBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)

Study Akdèzapot 1:13

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeAlbert BarnesJohn WesleyJohn CalvinScofieldWilliam BurkittFamily Bible NotesJohn LightfootGeneva Bible Notes (1599)Robertson's Word Pictures
← Akdèzapot 1:12Akdèzapot 1Akdèzapot 1:14 →