Akdèzapot 1:16
Frè m' yo, sa Sentespri te anonse nan Liv yo, fòk sa te rive vre. Se konsa, nan bouch David, li te fè konnen davans ki jan Jida t'apral mennen moun ki te arete Jezi yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
15Yon jou tout frè yo te sanble, te gen sanven (120) moun antou konsa. Piè kanpe nan mitan yo, li di:
17Jida te yonn nan nou, li te gen sèvis pa l' nan travay nou an.
Cross References
2 Kings 15:12Se konsa pawòl Seyè a te di Jeou a rive vre. Li te di l': Pitit ou yo ap chita sou fotèy wa peyi Izrayèl la jouk sou kat jenerasyon apre ou.
Psalms 55:12(055:13) Si se te yon moun ki rayi m' ki t'ap pale m' mal, mwen ta reziyen m'. Si se te yon moun ki pa vle wè m' ki te leve dèyè mwen, mwen ta kache kò m' pou l' pa jwenn mwen.
Matthew 26:54Men lè sa a, ki jan sa ki ekri nan Liv la ta ka rive vre? Paske Liv la di: Se konsa pou sa pase.
Mark 12:36Poutan, men sa David te di (se Sentespri menm ki te fè l' di l'): Bondye te di Seyè mwen an: Chita la sou bò dwat mwen, jouk tan mwen fè lènmi ou yo tounen yon ti ban pou lonje pye ou.
Luke 22:47Jezi t'ap pale toujou lè yon bann moun vin rive. Jida, yonn nan douz disip yo, t'ap mache devan. Li pwoche bò kot Jezi pou l' bo li.
John 12:38Se konsa, pawòl pwofèt Ezayi te di a rive vre: Bondye, kilès ki te kwè mesaj nou te bay la? Ki moun ki te rekonet travay Bondye a nan sa ki rive a?