Mark 12:36
Poutan, men sa David te di (se Sentespri menm ki te fè l' di l'): Bondye te di Seyè mwen an: Chita la sou bò dwat mwen, jouk tan mwen fè lènmi ou yo tounen yon ti ban pou lonje pye ou.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
2 Samuel 23:2Se lespri Seyè a k'ap pale nan mwen. Se mesaj li k'ap soti nan bouch mwen.
Psalms 110:1Se yon sòm David. Seyè a pale ak wa a, chèf mwen an, li di: -Chita la sou bò dwat mwen, jouk tan mwen fè lènmi ou yo tounen yon ti ban pou lonje pye ou.
Acts 1:16Frè m' yo, sa Sentespri te anonse nan Liv yo, fòk sa te rive vre. Se konsa, nan bouch David, li te fè konnen davans ki jan Jida t'apral mennen moun ki te arete Jezi yo.
Acts 28:25Yo vire do yo san yo pa t' tonbe dakò. Lè Pòl wè sa, li ajoute pawòl sa a pou yo: Sentespri te gen rezon pale konsa ak zansèt nou yo nan bouch pwofèt Ezayi, lè l' te di:
2 Timothy 3:16Tou sa ki ekri nan Liv la, se nan Lespri Bondye a yo soti. Y'ap sèvi pou moutre moun verite a, pou konbat moun ki nan lerè, pou korije moun k'ap fè fòt, pou moutre yo ki jan pou yo viv byen devan Bondye.
Hebrews 3:7Se poutèt sa, jan Sentespri te di l' la: Si nou tande vwa Bondye jòdi a,