Akdèzapot 10:31
Epi l' di mwen: Kònèy, Bondye tande lapriyè ou, li chonje tout byen ou fè pou pòv yo.
Bib La
In The King James Version
And said, Cornelius, thy prayer is heard, and thine alms are had in remembrance in the sight of God.
In Context
Cross References
Leviticus 2:9Prèt la va pran yon moso nan ofrann lan ki va sèvi pou Seyè a pa janm bliye moun ki fè ofrann lan, l'a boule l' sou lotèl la. Se sa yo rele yon ofrann manje yo boule nan dife epi k'ap fè Seyè a plezi ak bon sant li.
Isaiah 38:5-Tounen al jwenn Ezekyas. W'a di l' pou mwen, men sa Seyè a, Bondye David, zansèt ou a, voye di ou: Mwen tande lapriyè ou. Mwen wè jan sa fè ou mal. M'ap kite ou viv kenzan ankò.
Daniel 10:12Li di m' konsa: -Ou pa bezwen pè, Danyèl. Bondye te tande lapriyè ou la depi premye jou ou te pran desizyon soumèt ou devan Bondye ou pou ou te ka rive gen bon konprann. Se poutèt lapriyè ou la mwen vin ba ou repons Bondye a.
Acts 10:4Li gade zanj lan, li te pè, li di l' konsa: Sak genyen, Mèt? Zanj lan reponn li: Bondye asepte lapriyè ou yo ansanm ak tout byen ou te fè pou pòv yo. Epi li chonje ou.
Hebrews 6:10Paske, Bondye pa mechan pou l' ta bliye travay nou fè, ni renmen nou moutre nou gen pou li, lè nou t'ap rann moun k'ap viv pou li yo anpil sèvis, sèvis n'ap rann yo jouk koulye a toujou.
Revelation 8:3Yon lòt zanj vin kanpe toupre lotèl la, li te gen yon lansanswa an lò nan men li. Yo ba l' anpil lansan pou l' te ofri bay Bondye ansanm ak lapriyè pèp Bondye a, sou lotèl an lò ki te devan fòtèy la.