Akdèzapot 11:12
Lespri a di m' pati ak yo san rete ap kalkile. Sis frè sa yo te al ansanm avè m' tou Sezare. Nou tout nou antre lakay Kònèy.
Bib La
In The King James Version
In Context
11Menm lè a, twa moun ki te soti Sezare vin rive nan kay kote m' te ye a. Yo te voye yo chache mwen.
Cross References
John 16:13Men, li menm Lespri k'ap moutre verite a, lè la vini, la mennen nou nan tout verite a. Paske li p'ap pale pawòl pa li. Men, tou sa la tande, se sa la di nou: la fè nou konnen bagay ki gen pou rive.
Acts 10:19Pyè t'ap kalkile toujou sou sans pou l' te bay vizyon an, lè Sentespri di li: Koute. Gen twa moun anba a k'ap mande pou ou.
Acts 10:45Frè ki te soti lavil Jope ansanm ak Pyè yo se jwif yo te ye. Yo te sezi wè ki jan Bondye te bay moun ki pa jwif yo Sentespri l' an kantite.
Acts 13:4Se konsa Sentespri te voye Banabas ak Sòl an misyon. Y' al nan peyi Selesi. Antan yo la, yo pran yon batiman pou lil Chip.
Acts 15:9Li pa t' fè okenn diferans ant yo menm ak nou menm: nou wè li lave kè yo paske yo te kwè nan li.
Romans 3:22Se lè moun mete konfyans yo nan Jezikri Bondye fè yo gras. Li fè l' pou tout moun ki kwè nan Kris la, paske yo tout se menm.