Romans 3:22
Se lè moun mete konfyans yo nan Jezikri Bondye fè yo gras. Li fè l' pou tout moun ki kwè nan Kris la, paske yo tout se menm.
Bib La
In The King James Version
In Context
23Tout moun fè peche; yo tout vire do bay Bondye ki gen pouvwa a.
Cross References
Matthew 22:11Wa a vin antre pou wè envite yo. Je l' al tonbe sou yon nonm ki pa t' abiye ak rad nòs la.
Acts 15:9Li pa t' fè okenn diferans ant yo menm ak nou menm: nou wè li lave kè yo paske yo te kwè nan li.
Romans 4:3Men sa ki ekri nan Liv la: Abraram te mete konfyans li nan Bondye, se poutèt sa Bondye fè l' gras.
Romans 5:1Koulye a, paske nou gen konfyans nan Bondye, Bondye fè nou gras, n'ap viv san kè sote ak Bondye, gremesi Jezikri, Seyè nou an.
Romans 9:30Kisa n'a di nan tou sa? Men sa n'a di: Moun ki pa t' jwif yo, ki pa t'ap chache mwayen pou Bondye fè yo gras la, se yo menm Bondye fè gras paske yo mete konfyans yo nan li.
1 Corinthians 4:7Kilès ki di ou pi bon pase lòt yo? Kisa ou genyen se pa Bondye ki ba ou li? Enben, nan kondisyon sa a, poukisa w'ap fè grandizè pou sa ou genyen an tankou si se pa Bondye ki te ba ou li?