Akdèzapot 11:16
Lè sa a, mwen vin chonje sa Seyè a te di: Jan te batize nan dlo, men nou menm nou gen pou n' resevwa batèm nan Sentespri a.
Bib La
In The King James Version
In Context
15Mwen te kòmanse pale lè Sentespri a desann sou yo menm jan li te desann sou nou premye jou a.
Cross References
Proverbs 1:23Se pou n' koute m' lè m'ap rale zòrèy nou. M'ap di nou tou sa ki nan tèt mwen, m'ap fè nou konnen tou sa m' konnen.
Ezekiel 36:25M'ap benyen nou nan bon dlo klè pou nou ka vin nan kondisyon pou fè sèvis pou mwen. M'ap mete nou nan kondisyon pou sèvi m', m'ap wete tout vye bagay derespektan nou t'ap fè yo ak tout zidòl nou yo.
Joel 3:18Jou sa a, mòn yo pral kouvri ak jaden rezen. Bèf pral sou tout ti mòn yo. Va gen kont dlo nan larivyè peyi Jida yo. Yon sous dlo pral koule soti nan kay Seyè a. Li pral wouze bafon zakasya yo.
Mark 1:8Mwen menm, mwen batize nou nan dlo. Men li menm, la batize nou nan Sentespri a.
Luke 24:8Yo vin chonje pawòl Jezi te di yo.
John 1:33Lè sa a, mwen pa t' ankò konnen ki moun li te ye. Men, Bondye ki te voye m' batize nan dlo a, te di m': Wa wè Lespri Bondye a desann. La rete sou tèt yon nonm: Se li menm ki gen pou batize moun nan Sentespri.