Akdèzapot 12:23
Menm lè a, yon zanj Bondye frape Ewòd, paske li te asepte resevwa lwanj ki fèt pou Bondye sèlman. Vè tonbe sou li, epi li mouri.
Bib La
In The King James Version
In Context
22Pèp la pran rele: Se pa yon moun k'ap pale la a, se yon bondye.
24Pawòl Bondye a menm t'ap gaye plis toujou, li t'ap fè anpil avans.
Cross References
Exodus 9:17Men w'ap pran pòz awogan ou avèk pèp mwen an, ou pa vle kite yo ale.
Exodus 12:12Jou lannwit sa a, m'ap pase nan tout peyi Lejip la, m'ap touye tout premye pitit gason ak tout premye pitit bèt yo ki nan peyi a. M'ap regle tout bondye peyi Lejip yo. Se mwen menm ki Seyè a.
Exodus 12:29Nan mitan lannwit, Seyè a touye tout premye pitit gason moun peyi Lejip yo, depi premye pitit gason farawon an ki chita sou fotèy la, jouk premye pitit gason prizonye ki te nan kacho. Tout premye pitit bèt yo tou te mouri.
2 Samuel 24:16Lè zanj Seyè a te prèt pou lonje men l' sou lavil Jerizalèm pou detwi l', Seyè a fè lide sispann chatiman an. Li di zanj ki t'ap touye moun yo: -Sispann! kenbe men ou! Lè sa a, zanj lan te gen tan toupre gwo glasi Araounak, moun lavil Jebis la.
1 Chronicles 21:14Se konsa, Seyè a voye yon epidemi sou pèp Izrayèl la. Li touye swasanndimil (070.000) moun nan pèp Izrayèl la.
2 Chronicles 32:21Seyè a voye yon zanj nan kan moun peyi Lasiri yo, li touye tout vanyan sòlda yo ansanm ak kaptenn ak chèf lame yo. Se konsa wa peyi Lasiri a tounen tou wont nan peyi l'. Yon jou li te antre nan tanp bondye li a, pwòp pitit li yo touye l' ak kout nepe.