Exodus 12:29
Nan mitan lannwit, Seyè a touye tout premye pitit gason moun peyi Lejip yo, depi premye pitit gason farawon an ki chita sou fotèy la, jouk premye pitit gason prizonye ki te nan kacho. Tout premye pitit bèt yo tou te mouri.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 15:14Men, apre sa, m'ap pini nasyon ki va pran yo fè esklav la. Konsa, lè lè a va rive pou yo kite peyi sa a, y'a soti avèk anpil anpil richès.
Exodus 9:6Nan denmen vre, Seyè a fè sa l' te di li t'ap fè a: tout bèt moun peyi Lejip yo mouri. Men, pa yonn nan bèt moun Izrayèl yo pa t' mouri.
Exodus 11:4Moyiz di farawon an: -Men sa Seyè a di: Aswè a, nan mitan lannwit, m'ap pase kay moun peyi Lejip yo.
Exodus 13:15Seyè a te touye depi premye pitit gason moun peyi Lejip yo rive jouk premye mal bèt yo fè, paske farawon an t'ap fè tèt di, li pa t' vle kite nou ale. Se poutèt sa nou ofri bay Seyè a tout premye mal bèt nou yo fe, epi nou ofri lòt bagay pou achte lavi tout premye pitit gason nou yo nan men l'.
Numbers 8:17Paske, tout premye pitit gason moun pèp Izrayèl yo ak tout premye ti mal bèt yo fè se pou mwen yo ye. Depi jou mwen te touye tout premye pitit moun peyi Lejip yo, wi depi jou sa a mwen mete premye pitit nou yo apa pou mwen.
Job 34:20Yo rete konsa yo mouri, yo ale nan mitan lannwit. Pèp la annik souke kò l', yo disparèt. Bondye touye gwo chèf yo san li pa leve ti dwèt li.