Akdèzapot 13:14
Yo kite Pèj, yo pousib wout yo jouk yo rive lavil Antiòch nan peyi Pisidi. Jou repo a, yo antre nan sinagòg la, yo chita.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Acts 9:20Menm lè a tou, li kòmanse bay mesaj la nan sinagòg yo, li t'ap fè moun konnen Jezi se pitit Bondye.
Acts 13:42Antan Banabas ak Pòl t'ap soti nan sinagòg la, moun yo mande yo pou yo tounen jou repo k'ap vini an pou pale sou tout bagay sa yo ankò.
Acts 14:19Kèk jwif soti Antiòch (ki nan peyi Pisidi) ak Ikoniòm. Yo pran tèt foul la, yo kalonnen Pòl kout wòch pou yo touye li. Apre sa, yo trennen l' mete andeyò lavil la, yo te kwè l' te mouri.
Acts 16:13Jou repo a, nou soti, n' al lòt bò pòtay lavil la bò larivyè a. Nou t'ap chache kote jwif yo te konn lapriyè a. Nou chita, nou t'ap pale ak fanm ki te sanble la yo.
Acts 18:4Chak jou repo, Pòl te pran lapawòl nan sinagòg la, li t'ap chache pran tèt anpil jwif ak anpil moun peyi Lagrès.