Acts 18:4
Chak jou repo, Pòl te pran lapawòl nan sinagòg la, li t'ap chache pran tèt anpil jwif ak anpil moun peyi Lagrès.
Bib La
In The King James Version
And he reasoned in the synagogue every sabbath, and persuaded the Jews and the Greeks.
In Context
Cross References
Genesis 9:27Se pou Bondye mete sou byen Jafè yo. Se pou pitit pitit Jafè yo viv byen ak pitit Sèm yo. Se pou Kanaran tounen esklav yo.
Luke 4:16Jezi ale lavil Nazarèt kote l' te grandi a. Jou repo a, li antre nan sinagòg la tankou l' te toujou konn fè. Li leve kanpe pou l' li pou yo.
Acts 13:14Yo kite Pèj, yo pousib wout yo jouk yo rive lavil Antiòch nan peyi Pisidi. Jou repo a, yo antre nan sinagòg la, yo chita.
Acts 17:11Jwif Bere yo te gen pi bon santiman pase sa Tesalonik yo: yo te resevwa pawòl la byen vit san traka. Chak jou yo t'ap egzaminen sa ki te ekri nan Liv la pou wè si sa Pòl t'ap di yo a se vre.
Acts 18:13epi yo di: Nonm sa a ap chache pran tèt moun pou fè yo sèvi Bondye yon jan ki kont lalwa.
Acts 19:26Men, nou wè ak je nou, nou tande ak zòrèy nou sa nonm yo rele Pòl la ap fè. L'ap mache di bondye moun fè ak men se pa bondye yo ye menm. Se konsa, li resi rive pran tèt anpil moun, pa isit nan lavil Efèz la ase, men nan tout pwovens Lazi a.