Akdèzapot 15:4
Lè yo rive Jerizalèm, tout legliz la, apòt yo ak chèf fanmi yo te byen resevwa yo. Pòl ak Banabas rakonte moun Jerizalèm yo tou sa Bondye te ba yo pouvwa fè pou li.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Acts 14:27Lè yo rive Antiòch, yo reyini legliz la, yo rakonte tou sa Bondye te ba yo pouvwa fè pou li, ki jan li te louvri pòt pou moun ki pa jwif yo kapab kwè tou.
Acts 15:12Apre sa, tout moun pe bouch yo, yo t'ap koute Banabas ak Pòl ki t'ap rakonte tout bèl bagay ak tout mirak Bondye te ba yo pouvwa fè pou li nan mitan moun lòt nasyon yo.
Acts 21:17Lè nou rive Jerizalèm, frè yo resevwa nou ak kè kontan.
Romans 15:7Se pou yonn asepte lòt jan l' ye a, menm jan Kris la te asepte nou an pou sa te tounen yon lwanj pou Bondye.
1 Corinthians 15:10Se favè Bondye fè m' lan ki fè m' sa m' ye a. Men, li pa t' gaspiye favè l' lè li te fè sa pou mwen. Okontrè, mwen travay pase tout lòt apòt yo. Men, pou di vre, se pa mwen menm ki fè travay sa yo, se favè Bondye fè m' lan ki fè sa konsa.
2 Corinthians 6:1Se poutèt sa, mwen menm k'ap travay ak Bondye, mwen mande nou pou nou pa kite favè nou resevwa nan men Bondye a gaspiye.