Akdèzapot 15:3
Se legliz la ki te voye yo fè vwayaj sa a. Yo pase nan Finisi ak nan Samari. Sou tout wout la, yo t'ap rakonte ki jan moun ki pa jwif yo te tounen vin jwenn Bondye. Tout frè yo te kontan anpil lè yo tande sa.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Isaiah 66:12Paske, men sa Seyè a di: -Mwen pral ba li kè poze san rete. Richès nasyon yo pral kouvri l' tankou lè inondasyon dlo kouvri latè. Nou pral tankou ti bebe pou li: l'ap ban nou tete, l'a pote nou nan bra li, l'a mete nou sou jenou l' pou li jwe ak nou.
Luke 15:23Al chache jenn ti towo nou t'ap angrese a, touye l'. Ann fete, ann manje.
Acts 8:14Apòt yo menm ki te lavil Jerizalèm, lè yo tande moun Samari te asepte pawòl Bondye a, yo voye Pyè ak Jan bò kote yo.
Acts 13:48Lè moun lòt nasyon yo tande sa, yo pa t' manke kontan: yo pran fè lwanj pawòl Bondye a. Tout moun Bondye te chwazi davans pou resevwa lavi ki p'ap janm fini an te kwè.
Acts 14:27Lè yo rive Antiòch, yo reyini legliz la, yo rakonte tou sa Bondye te ba yo pouvwa fè pou li, ki jan li te louvri pòt pou moun ki pa jwif yo kapab kwè tou.
Acts 21:5Lè sèt jou yo te pase, nou pati pou n' al fè wout nou. Tout disip yo, madanm yo ak tout pitit yo te kondi nou jouk andeyò lavil la. Nou tout nou mete ajenou sou rivaj la, nou lapriyè.