Akdèzapot 16:5
Tout legliz yo t'ap vin pi fèm nan lafwa, chak jou yo t'ap gen plis moun toujou.
Bib La
In The King James Version
And so were the churches established in the faith, and increased in number daily.
In Context
Cross References
2 Chronicles 20:20Nan denmen maten, byen bonè, pèp la leve, li pati pou dezè Tekoa a. Le yo tapral leve lamach, Jozafa pale ak yo, li di konsa: -Nou menm moun peyi Jida ak moun lavil Jerizalèm, koute sa m'ap di nou! Mete konfyans nou nan Seyè a, Bondye nou an! Nou p'ap vole gadjè. Se pou nou kwè sa pwofèt li yo di nou an. N'ap genyen batay la.
Acts 2:47Yo t'ap fè lwanj Bondye. Tout moun te renmen yo. Chak jou Bondye t'ap mete lòt moun li t'ap delivre yo nan gwoup la.
Acts 5:14Anpil moun, fanm kou gason, t'ap vin jwenn disip yo paske yo te kwè nan Seyè a.
Acts 9:31Lè sa a, legliz la te gen repo toupatou nan Jide, nan Galile ak nan Samari. Li t'ap devlope, li t'ap viv avèk krentif pou Bondye. Avèk konkou Sentespri, li t'ap resevwa anpil moun toujou.
Acts 12:24Pawòl Bondye a menm t'ap gaye plis toujou, li t'ap fè anpil avans.
Acts 15:41Li pase nan peyi Siri ak peyi Silisi; sou tout wout la li t'ap fòtifye legliz yo nan konfyans yo nan Bondye.