Akdèzapot 17:12
Anpil ladan yo te kwè. Konsa, anpil gran medam ak anpil gason nan moun peyi Lagrès yo te kwè.
Bib La
In The King James Version
Therefore many of them believed; also of honourable women which were Greeks, and of men, not a few.
In Context
Cross References
John 1:45Apre sa, Filip jwenn Natanayèl. Li di li: Nou jwenn moun Moyiz te pale nou nan liv lalwa a, moun pwofèt yo te pale a tou. Se Jezi, moun lavil Nazarèt, pitit gason Jozèf la.
Acts 13:46Men, Pòl ak Banabas di yo kareman: Se nou menm premye moun ki pou te resevwa Pawòl Bondye a. Men, n'ap repouse l', nou pa konsidere tèt nou bon ase pou n' antre nan lavi ki p'ap janm fini an. Enben, koulye a nou pral vire bò kote moun lòt nasyon yo.
Acts 14:1Nan Ikoniòm, Pòl ak Banabas antre nan sinagòg jwif yo tou. Yo pale sitèlman byen, anpil jwif ak anpil moun lòt nasyon te kwè.
1 Corinthians 1:26Koulye a, frè m' yo, chonje ki kalite moun nou te ye lè Bondye te rele nou. Pa gen anpil nan nou ki gen bon konprann dapre sa lèzòm rele bon konprann, pa gen anpil grannèg, ni anpil moun gran fanmi.
James 1:10Konsa tou, yon frè ki rich dwe moutre jan l' kontan tou lè Bondye rabese li. Paske, moun ki rich gen pou pase tankou flè zèb.