Akdèzapot 17:11
Jwif Bere yo te gen pi bon santiman pase sa Tesalonik yo: yo te resevwa pawòl la byen vit san traka. Chak jou yo t'ap egzaminen sa ki te ekri nan Liv la pou wè si sa Pòl t'ap di yo a se vre.
Bib La
In The King James Version
In Context
12Anpil ladan yo te kwè. Konsa, anpil gran medam ak anpil gason nan moun peyi Lagrès yo te kwè.
Cross References
Job 23:12Mwen toujou fè tou sa li bay lòd fè. Mwen te fè volonte l', mwen pa fè sa m' te gen nan tèt mwen.
Psalms 119:97Ala renmen mwen renmen lalwa ou la! Se tout lajounen m'ap kalkile sou li.
Psalms 119:148Lannwit poko rive, mwen moute kabann mwen pou m' kalkile pawòl ou yo.
Proverbs 2:1Pitit mwen, aprann sa m'ap moutre ou la a. Chache pou ou pa janm bliye sa mwen di ou fè a.
Proverbs 9:9Si ou pale ak yon moun ki gen bon konprann, w'ap fè l' gen plis bon konprann toujou. Plis w'ap moutre yon nonm debyen, plis l'ap mete sou konesans li.
Isaiah 34:16Ale gade nan liv Bondye a. Li sa ki ladan l'. Pa manke yon sèl nan tout bèt li kreye yo. Yo yonn pa pèdi parèy yo. Se Seyè a menm ki bay lòd sa a. Se lespri li k'ap mete yo ansanm yonn ak lòt.