Acts 17:3
Li t'ap ba yo esplikasyon, li t'ap moutre yo ki jan, dapre sa ki te ekri a, Kris la te gen pou l' soufri, li te gen pou l' te leve soti vivan nan lanmò. Li t'ap di yo: Jezi m'ap fè nou konnen an, se li menm ki Kris la.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Luke 24:32Yonn pran di lòt: Eske nou pa t' santi tankou yon dife k'ap boule nan kè nou lè l' t'ap pale avèk nou sou tout wout la, lè l' t'ap esplike nou sak te ekri nan Liv yo?
Luke 24:46Li di yo: Men sa ki te ekri: Kris la gen pou l' soufri jouk li mouri, men sou twa jou li gen pou l' soti vivan nan lanmò.
Acts 1:4Yon jou yo t'ap manje ansanm, Jezi ba yo lòd sa a: Pa kite lavil Jerizalèm. Rete tann sa Papa a te pwomèt la, kado mwen t'ap pale nou an.
Acts 3:18Men, depi nan tan lontan, Bondye te fè konnen nan bouch pwofèt li yo ki jan Kris li a te gen pou l' soufri. Se konsa sa l' te di a vin rive vre.
Acts 9:22Men, Sòl t'ap vin pi fò toujou. Li t'ap fèmen bouch tout jwif ki t'ap viv Damas yo lè li t'ap moutre yo Jezi se moun Bondye te chwazi pou l' voye a menm.
Acts 18:28Se avèk gwo konviksyon devan tout moun li t'ap moutre jwif yo ki jan yo te nan lerè: li pran sa ki ekri nan Liv yo a, li t'ap ba yo prèv se Jezi ki Kris la.