Acts 17:4
Te genyen nan jwif yo ki te kwè, yo pran mache ansanm ak Pòl ak Silas. Se konsa yon bann moun peyi Lagrès ki te konvèti nan relijyon jwif yo ansanm ak anpil gran medam te kwè tou.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Proverbs 9:6Kite sòt! Vin aprann lavi! Vin mache nan chemen konesans.
Song of Solomon 1:7Manyè di m' non, ou menm mwen renmen anpil la, kibò ou pral mennen mouton yo manje? Kibò yo pral pare solèy midi? Konsa m' p'ap bezwen mache chache ou tankou moun fou nan mitan mouton lòt gadò parèy ou yo.
Zechariah 2:11Lè sa a, anpil nasyon va vin jwenn Seyè a pou yo sèvi l'. Se pèp pa li menm y'ap ye. L'a vin rete nan mitan yo. Lè sa a, n'a konnen se Seyè ki gen tout pouvwa a ki te voye m' kote nou.
John 7:35Jwif yo yonn t'ap mande lòt: Ki bò l' prale menm pou nou pa kapab jwenn li? Eske li pral menm kote ak jwif ki gaye nan mitan moun Lagrès yo pou l' moutre moun Lagrès yo anpil bagay?
Acts 2:44Tout moun ki te kwè yo t'ap viv ansanm yonn ak lòt. Yo te mete tou sa yo te genyen ansanm.
Acts 5:12Apòt yo t'ap fè anpil mirak ak anpil bèl bagay nan mitan pèp la. Yo tout te reyini ansanm anba Galeri Salomon an.