Akdèzapot 19:9
Men, anpil t'ap fè tèt di, yo te refize kwè: yo t'ap pase chemen Bondye a nan rizib devan tout asanble a. Lè Pòl wè sa, li wete kò l' nan mitan yo, li pran disip Kris yo avèk li. Chak jou li t'ap preche nan lekòl Tiranis la.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
2 Kings 17:14Men, yo pa koute l', yo fè tèt di tankou zansèt yo ki pa t' mete konfyans yo nan Seyè a, Bondye yo a.
2 Chronicles 36:16Men, yo pase mesaje Bondye yo nan betiz, yo pa okipe sa Bondye te di yo, yo pase pwofèt yo anba rizib. Bout pou bout, Seyè a te vin sitèlman fache pa t' gen rechap pou yo ankò.
Nehemiah 9:29Ou te avèti yo, ou te mande yo pou yo obeyi tout lòd ou yo. Men, lògèy vire lòlòj yo, yo refize swiv kòmandman ou yo. Yo fè bagay ki pa dakò ak lòd ou ba yo. Epi se lè yon moun swiv lòd ou yo, li jwenn lavi! Men, yo fè wòklò, yo fè tèt di, yo derefize obeyi ou.
Proverbs 8:34Ala bon sa bon pou moun ki koute m', pou moun ki chita nan papòt mwen chak jou, pou moun k'ap tann bò poto galeri kay mwen!
Jeremiah 7:26Men, pesonn pa koute yo, tout moun bouche zòrèy yo. Nou fè tèt di, nou fè pi mal pase zansèt nou yo.
Matthew 15:14Pa okipe yo! Se yon bann avèg k'ap mennen avèg parèy yo. Si yon avèg ap mennen yon lòt avèg, tou de gen pou tonbe nan menm twou a.