Akdèzapot 2:23
Yo te lage nonm sa a nan men nou, jan Bondye te vle l' la, dapre plan li te deja fè nan tèt li. Nou menm, nou fè touye l', nou fè yon bann mechan kloure l' sou yon kwa.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 50:20Nou te moute konplo pou fè m' mal. Men Bondye fè sa tounen yon byen, pou l' te fè sak rive jòdi a rive, pou l' te ka sove lavi tout kantite moun sa yo.
Isaiah 10:6Mwen te voye l' kouri al atake yon nasyon ki derespekte m'. Mwen te ba li manda pou l' regle yon pèp ki te fè m' fache anpil, pou l' pase men pran tou sa yo genyen, pou l' piye yo, pou l' pilonnen yo anba pye l' tankou pousyè nan lari.
Daniel 4:35Li pa pran moun k'ap viv sou latè yo pou anyen. Li fè sa li vle ak lame zanj ki nan syèl la, ansanm ak tout moun ki sou latè. Pesonn pa ka kenbe tèt avè l'. Pesonn pa ka mande l' kont!
Matthew 26:24Moun Bondye voye nan lachè a prale, jan sa te ekri sou li a. Men, malè pou moun k'ap trayi l' la. Li ta pi bon pou moun sa a si li pa t' janm fèt.
Luke 22:22Moun Bondye voye nan lachè a pral mouri jan Bondye te vle l' la, se vre. Men, malè pou moun ki trayi l' la!
Luke 24:20Enben, chèf prèt yo ak otorite nou yo fè yo kondannen l' amò, epi yo kloure l' sou yon kwa.