The Bible Software
bible.software › Hosea › Hosea 13 › Hosea 13:14

Hosea 13:14

Mwen p'ap sove pèp la anba lanmò. Mwen p'ap anpeche yo desann nan peyi kote mò yo ye a. Annavan, lanmò! Vini ak tout malè ou yo! Nou menm ki chèf nan peyi kote mò yo ye a, vin detwi pèp la. Mwen p'ap janm gen pitye pou pèp sa a ankò.

Bib La

In The King James Version

I will ransom them from the power of the grave; I will redeem them from death: O death, I will be thy plagues; O grave, I will be thy destruction: repentance shall be hid from mine eyes.

In Context

13Nan tout malè sa a, Efrayim te gen yon chans ankò pou l' ta sove. Men, li twò sòt, l'ap pèdi chans lan. Se tankou yon ti bebe ki rive sou dat pou l' fèt men ki pa vle soti nan vant manman l'.

15Menm si Izrayèl ta fleri tankou wozo bò dlo, m'ap fè yon van leve nan dezè kote solèy leve a, m'ap fè l' vante sou li, l'ap cheche tout sous dlo ak tout fontenn li yo. L'ap pran tout bagay ki gen valè nan byen l' yo, l'ap pote yo ale.

Read all of Hosea 13

Cross References

1 Samuel 15:29Bondye ki wa pèp Izrayèl la pa konn manti, ni li pa konn chanje lide. Se pa moun li ye. Li p'ap chanje pawòl.

Job 33:24Zanj lan va gen pitye pou li. L'a di Bondye: -Tanpri, pa kite l' mouri. M'ap peye pou sove lavi li.

Psalms 16:10Paske ou p'ap kite m' kote mò yo ye a, ou p'ap penmèt moun k'ap sèvi ou la pouri anba tè.

Psalms 49:15(049:16) Men, Bondye ap delivre mwen, l'ap wete m' anba pouvwa lanmò.

Psalms 71:20Ou voye traka ak soufrans ban nou. Men se ou k'ap ban nou lavi ankò. W'ap rale nou soti nan bouch twou a.

Isaiah 25:8Seyè a pral fè pa janm gen lanmò ankò. Li pral siye dlo nan je tout moun. Li pral wete lawont sa a ki te sou pèp li a toupatou sou latè. Se Seyè a menm ki di sa!

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Hosea 13:14

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Hosea 13:13Hosea 13Hosea 13:15 →