Akdèzapot 2:9
Nan nou la a gen moun Pat, moun Medi ak moun Elam, gen moun Mezopotami, moun Jide, moun Kapadòs, moun Pon ak moun Lazi.
Bib La
In The King James Version
In Context
8Ki jan nou fè tande y'ap pale nan lang peyi nou?
Cross References
Genesis 10:22Men pitit gason Sèm yo. Se te Elam, Asou, Apachad, Lidi ak Aram.
Genesis 24:10Domestik la pran dis chamo nan chamo mèt li yo. Li pran yon kantite bèl bagay ki koute chè, li chaje chamo yo. Li leve, li pati, li ale lavil kote Nakò rete a nan peyi Mezopotami.
Judges 3:8Seyè a fache sou pèp Izrayèl la epi li kite Kouchan-Riche Atayim, wa peyi Mezopotami an, mete pye sou kou yo. Pandan witan pèp Izrayèl la te anba men Kouchan-Riche Atayim.
1 Chronicles 19:6Wa Anoun ak moun Amon yo vin konprann yo te fè David fache. Yo pran mil pyès ajan, yo voye chache sòlda, cha lagè, ak kavalye kay moun Aram yo lavil Narayim, lavil Maka ak lavil Zoba pou vin goumen pou yo.
Isaiah 11:11Jou sa a, Seyè a va fè wè fòs ponyèt li yon dezyèm fwa ankò. L'a delivre ti rès pèp li a, ponyen moun ki rete nan sa yo te depòte nan peyi Lasiri, nan peyi Lejip, ak nan tout peyi sa yo: Patwòs, Letiopi, Elam, Babilòn ak Amat, nan tout peyi lakòt yo ak nan tout zile yo.
Daniel 8:2Nan vizyon an, mwen wè mwen te lavil Souz, kapital la ki nan pwovens Elam lan. Mwen te kanpe bò larivyè Oulayi.