The Bible Software
bible.software › Akdèzapot › Akdèzapot 20 › Akdèzapot 20:29

Akdèzapot 20:29

Mwen konnen tou, apre m' fin ale, gen moun k'ap vin nan mitan nou pou kraze legliz la, tankou chen mawon nan yon bann mouton.

Bib La

In The King James Version

For I know this, that after my departing shall grievous wolves enter in among you, not sparing the flock.

In Context

28Veye kò nou, veye sou tout bann mouton Sentespri a mete sou kont nou. Okipe legliz Bondye a, legliz li te achte ak pwòp san Pitit li a.

30Gen moun k'ap soti nan mitan nou menm menm, k'ap kanpe pou bay manti, pou chache rale kèk disip dèyè yo.

Read all of Akdèzapot 20

Cross References

Jeremiah 13:20Jerizalèm, leve je ou gade. Gade lènmi ou yo k'ap desann soti nan nò! Kote moun ki te sou kont ou yo, moun ki t'ap fè ou mache tèt byen wo a?

Ezekiel 34:2-Nonm o! Bay mesaj sa a sou tout chèf ki reskonsab pèp Izrayèl la. Bay yo mesaj la, di yo: Men sa Seyè sèl Mèt la voye di yo: Madichon pou gadò pèp Izrayèl yo! Yo te mete yo la pou yo te swen pèp la, men se pwòp tèt yo ase yo konnen.

Zechariah 11:17Madichon pou move gadò a! Li kouri kite mouton yo pou kont yo. Se pou lagè fini ak pouvwa l' la. Se pou bra l' vin pòk, se pou li pa wè nan je dwat li.

Matthew 10:16Gade, mesye! M'ap voye nou tankou mouton nan mitan chen mawon. Se sak fè, se pou nou sou prigad nou tankou pentad, se pou nou inonsan tankou pijon.

John 10:12Yon nonm k'ap fè yon djòb, se pa yon gadò li ye. Mouton yo pa pou li. Lè l' wè bèt nan bwa ap vini, li kouri kite mouton yo, li met deyò. Lèkonsa, bèt nan bwa a pran mouton yo pote ale, li gaye yo.

2 Peter 2:1Malgre sa, te gen kèk fo pwofèt nan mitan pèp Bondye a nan tan lontan. Konsa tou, va gen kèk direktè nan mitan nou k'ap bay manti. Yo pral vin ak yon bann bèl pawòl ki pa vre pou yo seye pèdi nou. Y'ap vire do bay Mèt la ki te delivre yo. Y'ap rale yon chatiman sou tèt yo k'ap detwi yo lapoula.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)聖書 (日本語)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBiblia TakatifuBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)

Study Akdèzapot 20:29

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeAlbert BarnesJohn WesleyJohn CalvinScofieldWilliam BurkittFamily Bible NotesJohn LightfootGeneva Bible Notes (1599)
← Akdèzapot 20:28Akdèzapot 20Akdèzapot 20:30 →