Akdèzapot 20:37
Yo tout t'ap kriye, yo pran Pòl nan bra yo, yo bo l', yo di li: Bondye avèk ou!
Bib La
In The King James Version
And they all wept sore, and fell on Paul’s neck, and kissed him,
In Context
36Lè li fin pale konsa, Pòl mete ajenou ansanm ak yo tout, epi li lapriyè.
Cross References
Genesis 45:14Epi li lage kò l' nan bra Benjamen, frè li a, li konmanse kriye ankò. Benjamen tout t'ap kriye sou zepòl li.
1 Samuel 20:41Lè ti gason an fin ale, David soti dèyè pil wòch la, li lage kò l' atè, li bese twa fwa devan Jonatan. Apre sa, li menm ak Jonatan, yo tonbe yonn nan bra lòt, yo t'ap kriye. Men David te nan pi gwo lapenn pase Jonatan.
2 Kings 20:3Li di: —Tanpri, Seyè! Chonje jan mwen te sèvi ou ak tout kè mwen san m' pa janm vire do ba ou! Mwen te toujou fè sa ou te vle m' fè. Epi li pran kriye kont kriye l'.
Job 2:12Yo te yon bèl ti distans toujou lè yo wè Jòb. Yo pa t' rekonèt li. Lè yo rekonèt li, dlo vin nan je yo, yo konmanse rele, yo kriye. Yo chire rad sou yo, yo voye pousyè tè sou tèt yo tèlman sa te fè yo lapenn.
Luke 15:20Li leve vre, li pran chemen tounen kay papa li. Msye te byen lwen kay la toujou lè papa a wè li. Kè papa a fè l' mal, li kouri al rankontre l', li pase men l' nan kou pitit la epi li bo li.
1 Corinthians 16:20Tout frè ki isit yo voye bonjou pou nou tou. Nou menm, bò pa nou, yonn di lòt bonjou pou mwen, yonn bo lòt tankou moun k'ap viv pou Bondye.