Lik 15:20
Li leve vre, li pran chemen tounen kay papa li. Msye te byen lwen kay la toujou lè papa a wè li. Kè papa a fè l' mal, li kouri al rankontre l', li pase men l' nan kou pitit la epi li bo li.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 33:4Ezaou menm kouri al kontre l', li pase bra l' nan kou l', li bat do l', li bo li. Epi yo tout de yo pran kriye.
Genesis 46:29Jozèf fè pare cha li a, li moute, li al Gochenn, li al kontre papa l'. Rive Jozèf rive devan papa l', li lage kò l' nan bra l', li pase yon bon tan ap kriye sou zepòl li.
Job 33:27L'ap mache bay Bondye lwanj toupatou. L'ap di: -Mwen te peche, mwen te fè sa ki mal. Men, Bondye pa fè m' peye pou sa m' te fè a.
Psalms 86:15Seyè, ou se yon Bondye ki gen pitye pou nou, yon Bondye ki gen bon kè. Ou pa fasil fè kòlè, ou p'ap janm sispann renmen nou, ou toujou kenbe pawòl ou!
Isaiah 49:15Seyè a reponn: -Eske yon manman ka bliye pitit l'ap bay tete a? Eske li ka pa sansib pou pitit li pote nan vant li a? Menm si yon manman ta rive bliye pitit li, mwen menm, mwen p'ap janm bliye nou!
Isaiah 57:18Mwen te wè tou sa yo t'ap fè, men m'ap geri yo. Mwen pral pran men yo pou m' mennen yo sou bon chemen an. M'a remoute kouraj sa ki nan lapenn yo.