Akdèzapot 22:14
Li di m' konsa: Bondye zansèt nou yo te chwazi ou davans pou ou te ka konn volonte l', pou ou te ka wè sèl moun ki dwat devan li a, pou ou te ka tande l' pale ak bouch li.
Bib La
In The King James Version
In Context
15Ou pral sèvi l' temwen, ou pral fè tout moun konnen sa ou te wè ak sa ou te tande.
Cross References
Exodus 3:13Moyiz di Bondye konsa: -Bon. Koulye a, mwen pral bò kote pèp Izrayèl la, mwen pral di yo: Bondye zansèt nou yo voye m' kote nou. Ou mèt sèten yo pral mande m': Ki jan li rele? Lè sa a, kisa pou m' reponn yo?
2 Kings 21:22Li vire do bay Seyè a, Bondye zansèt li yo, li pa mache jan Seyè a vle l' la.
1 Chronicles 29:18Seyè, Mèt, Bondye Abraram, Bondye Izarak ak Bondye Izrayèl, Bondye zansèt nou yo, tanpri, fè pèp ou a pa janm pèdi bon santiman sa yo ki nan kè yo jòdi a.
2 Chronicles 30:19tout moun sa yo ki soti pou sèvi ou ak tout kè yo, menm si yo pa nan kondisyon pou sèvi ou, pou yo manyen sa yo mete apa pou ou yo.
Jeremiah 1:5-Mwen te konnen ou anvan menm mwen te ba ou lavi nan vant manman ou. Mwen te mete ou apa pou mwen anvan menm ou te fèt. Mwen te chwazi ou pou ou te yon pwofèt pou nasyon yo.
John 15:16Se pa nou ki chwazi m', se mwen menm ki chwazi nou, ki mete nou apa pou n' ale, pou n' ka donnen, pou donn nou ka konsève. Konsa, Papa a va ban nou nenpòt kisa n'a mande nan non mwen.