Akdèzapot 22:16
Koulye a, kisa w'ap tann ankò? Leve non, rele Bondye, resevwa batèm pou tout peche ou yo ka lave.
Bib La
In The King James Version
In Context
15Ou pral sèvi l' temwen, ou pral fè tout moun konnen sa ou te wè ak sa ou te tande.
17Apre sa, mwen tounen lavil Jerizalèm. Antan m' te nan tanp lan ap lapriyè, mwen fè yon vizyon.
Cross References
Jeremiah 8:14Pèp la menm ap di: -Poukisa nou rete bra kwaze konsa? Annou sanble! Ann kouri ale nan lavil ki gen ranpa yo! Se la pou nou mouri. Paske Seyè a, Bondye nou an, kondannen nou pou n' mouri. Li ban nou pwazon pou n' bwè, paske nou antò devan li.
Acts 2:38Pyè reponn yo: Tounen vin jwenn Bondye, epi yonn apre lòt vin resevwa batèm nan non Jezikri, pou Bondye padonnen tout peche nou yo. Apre sa, n'a resevwa Sentespri, kado Bondye a.
Acts 9:18Menm lè a, bagay tankou kal pwason sot tonbe nan je Sòl, epi l' wè ankò. Sòl leve, li resevwa batèm.
Romans 10:12Konsa, nanpwen diferans ant moun ki jwif ak moun ki pa jwif: yo tout gen yon sèl Mèt ki bay tout moun ki rele l' favè l' an kantite.
1 Corinthians 6:11Anpil nan nou, se sa menm nou te ye. Men, koulye a Bondye mete nou nan kondisyon pou nou sèvi l'. Gremesi Jezikri, Seyè a, li mete nou apa pou li, li fè nou gras pa pouvwa Lespri Bondye nou an.
Galatians 3:27Nou tout, nou te resevwa batèm pou n' te ka viv ansanm ak Kris la, nou mete sou nou kalite ki nan Kris yo.