Romans 10:12
Konsa, nanpwen diferans ant moun ki jwif ak moun ki pa jwif: yo tout gen yon sèl Mèt ki bay tout moun ki rele l' favè l' an kantite.
Bib La
In The King James Version
In Context
11dapre sa ki ekri nan Liv la: Nenpòt moun ki mete konfyans yo nan li p'ap janm soti wont.
13Se sa ki ekri nan Liv la: Nenpòt moun ki rele non Met la gen pou jwenn delivrans.
Cross References
Psalms 145:18Seyè a kanpe toupre moun k'ap rele l', toupre tout moun k'ap rele l' ak tout kè yo.
Acts 9:14Epitou li vin isit la ak pouvwa pou l' arete dènye moun k'ap rele non ou. Se chèf prèt yo menm ki ba l' pouvwa sa a.
Acts 15:8Enben, Bondye ki konnen sa ki nan kè moun, li moutre nou ki jan li menm li asepte yo: li ba yo Sentespri menm jan li te fè l' pou nou an.
Romans 3:22Se lè moun mete konfyans yo nan Jezikri Bondye fè yo gras. Li fè l' pou tout moun ki kwè nan Kris la, paske yo tout se menm.
Romans 4:11Se lontan apre sa Abraram te resevwa sikonsizyon an tankou yon letanp. Se te mak ki te pou moutre Bondye te fè l' gras, paske li te kwè anvan menm li te sikonsi. Se poutèt sa Abraram se papa tout moun ki mete konfyans yo nan Bondye, menm si yo pa sikonsi. Moun sa yo, Bondye ap fè yo gras.
Romans 14:9Paske, Kris la te mouri, apre sa li leve soti vivan ankò pou l' te kapab Mèt tout moun, ni moun vivan yo ni moun mouri yo.