Akdèzapot 24:26
Li te mete nan tèt li Pòl ta ka ba li lajan. Se poutèt sa plizyè fwa li te fè l' vin koze avèk li.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 23:8Lè n'ap sèvi temwen nan yon kòz, pa pran lajan anba nan men moun, paske lajan konsa bouche je nou, li fè nou pa wè kote jistis la ye. Li fè moun ki pa antò a pèdi kòz li.
1 Samuel 8:3Men yo pa t' swiv egzanp papa yo. Yon sèl bagay ki te enterese yo se te fè lajan. Yo te konn pran lajan sou kote nan men moun pou regle zafè pou yo. Yo t'ap fè patipri.
2 Chronicles 19:7Se pou nou gen krentif pou Seyè a. Veye zo nou nan tou sa n'ap fè, paske Seyè a, Bondye nou an, pa tolere lenjistis ak patipri. Li pa nan pran kado nan men moun pou fè pa yo.
Psalms 26:9Pa trete m' menm jan ak moun k'ap fè sa ki mal. Pa detwi m' ansanm ak sanginè yo,
Proverbs 17:23Malveyan pran lajan nan men moun pou enpoze jistis fèt.
Proverbs 29:4Lè yon wa pa nan patipri, peyi a kanpe byen fèm. Men, depi yon chèf nan resevwa lajan sou kote, se fini l'ap fini ak peyi a.