Proverbs 17:23
Malveyan pran lajan nan men moun pou enpoze jistis fèt.
Bib La
In The King James Version
A wicked man taketh a gift out of the bosom to pervert the ways of judgment.
In Context
22Kè kontan bay lasante. Men, lè ou kagou, w'ap deperi sou pye.
24Yon moun ki gen bon konprann toujou ap chache konesans. Men, moun sòt pa konn sa li vle.
Cross References
Deuteronomy 16:19Piga yo fè ankenn lenjistis. Piga yo gade sou figi moun pou jije yo. Piga yo pran lajan anba nan men pesonn paske lajan konsa ka anpeche menm moun ki gen konprann wè klè, li ka fè nou kondannen moun inonsan.
1 Samuel 12:3Koulye a, men mwen! Se pou nou di m' devan Seyè a, devan wa li chwazi a, sa mwen janm fè nou. Eske mwen janm pran bèf osinon bourik yonn nan nou? Eske mwen janm pwofite sou pesonn? Eske mwen janm aji mal ak pesonn? Eske mwen janm pran lajan nan men pesonn pou m' kache anyen pou li? Si mwen janm fè bagay konsa, m'ap renmèt sa m' te pran an.
Proverbs 18:16Kado ou fè louvri chemen pou ou toupatou, ata chemen ki mennen lakay grannèg.
Isaiah 1:23Chèf nou yo leve vire do bay Bondye. Yo fè bann ak vòlò yo! Tout moun cho dèyè avantaj pa yo. Y'ap kouri dèyè moun k'ap bay lajan. Yo pa defann kòz moun ki san papa yo. Lè yon fanm san mari nan ka, yo pa gade l' menm.
Ezekiel 22:12Genyen k'ap touye moun pou lajan. Gen lòt ankò k'ap bay frè parèy yo ponya, y'ap mande yo enterè pou lajan yo prete yo. Y'ap pran tou sa frè parèy yo genyen pa fòs. Men mwen menm, yo bliye m'. Se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, ki di sa.
Micah 3:9Wi, koute m' non, nou menm ki alatèt pitit Jakòb yo, nou menm chèf k'ap dirije peyi Izrayèl la. Nou pa renmen sa ki dwat. Nou vire lalwa a, nou fè l' di sa nou vle.