Akdèzapot 24:5
Nou fin wè nonm sa a se yon gwo nwizans: l'ap mache fè dezòd nan mitan jwif yo toupatou sou latè. Se chèf gwoup Nazareyen yo li ye.
Bib La
In The King James Version
In Context
6Li menm seye derespekte tanp lan. Lè nou wè sa, nou arete l'. Nou te vle jije l' dapre Lalwa nou an.
Cross References
1 Kings 18:17Wè Akab wè Eli, li di l': -Apa ou sa! Se ou menm k'ap rale malè sou pèp Izrayèl la konsa!
Nehemiah 6:5Lè sa a, Sanbala voye yon senkyèm mesaj ban mwen. Men fwa sa a, li renmèt yon lèt nan yon anvlòp tou louvri bay yonn nan moun k'ap sèvi l' yo pou mwen.
Jeremiah 38:4Chèf yo al di wa a: -Se pou yo touye nonm sa a. Paske lè l'ap pale konsa, li fè sòlda yo ansanm ak tout lòt moun ki rete nan lavil la pèdi kouraj. Nonm sa a pa soti pou l' ede pèp la. Se mal ase li vle pou li.
Matthew 2:23Li vin rete nan yon vil yo rele Nazarèt. Se konsa, pawòl pwofèt yo te di a rive vre: y'a rele l' moun Nazarèt.
Matthew 10:25Si yon elèv rive fò tankou mèt li, sa kont pou li; si yon domestik rive tankou patwon li, sa kont pou li. Si yo rele mèt kay la Bèlzeboul, se pa lòt moun nan kay la yo p'ap bay pi move non toujou!
Luke 23:5Men, yo kenbe la avè l', yo di: L'ap moute tèt pèp la ak pawòl l'ap di yo. Li kòmanse travay sa a depi nan peyi Galilye, li pase nan tout peyi Jide a, li rive jouk isit la.