Lik 23:5
Men, yo kenbe la avè l', yo di: L'ap moute tèt pèp la ak pawòl l'ap di yo. Li kòmanse travay sa a depi nan peyi Galilye, li pase nan tout peyi Jide a, li rive jouk isit la.
Bib La
In The King James Version
In Context
4Pilat di chèf prèt yo ak foul moun yo: Mwen pa wè ankenn rezon pou m' kondannen nonm sa a.
6Lè Pilat tande sa, li mande yo si Jezi se moun Galile.
Cross References
Psalms 22:16(022:17) Tankou yon bann chen, mechan yo sènen m'. Bann mechan yo fèmen m' toupatou. Yo kraze de men m' ak de pye m' yo.
Psalms 69:4(069:5) Gen yon bann moun ki rayi m' san m' pa fè yo anyen. Yo pi plis pase cheve nan tèt mwen. Gen yon seri moun ki rete konsa yo fè m' lènmi, yo pi fò pase m', y'ap chache touye mwen. Yo fè m' renmèt sa m' pa pran.
Matthew 4:23Jezi t'ap mache toupatou nan peyi Galile a. Li t'ap moutre moun yo anpil bagay nan sinagòg yo. Li t'ap anonse Bon Nouvèl peyi kote Bondye wa a. Li t'ap geri tout kalite maladi ak tout kalite enfimite pèp la te ka genyen.
Mark 1:14Apre yo te fin mete Jan nan prizon, Jezi ale nan peyi Galile pou l' te fè konnen Bon Nouvèl Bondye voye a.
Luke 11:53Lè Jezi kite kote l' te ye a, dirèktè lalwa yo ak farizyen yo kòmanse atake l' avèk fòs; yo t'ap poze l' keksyon sou anpil bagay.
John 1:43Nan denmen, Jezi te fè lide ale nan peyi Galile. Li jwenn Filip sou wout la, li di li: Swiv mwen.