Akdèzapot 25:11
Si m' desobeyi lalwa, si m' fè yon bagay ki merite lanmò, mwen p'ap refize mouri. Men tou, si akizasyon y'ap pote sou mwen yo pa vre, pesonn pa ka lage m' nan men yo. Mwen mande pou Seza tande kòz mwen.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Joshua 22:22-Seyè a, Bondye ki gen plis pouvwa pase tout lòt bondye yo, konnen se pa paske nou leve kont li, ni paske nou vle vire do ba li kifè nou bati lotèl sa a. Li konnen sa, epi se pou l' fè pèp Izrayèl la konn sa tou. Si se pou rezon sa yo nou te moute lotèl sa a, se pou l' kite yo touye nou jòdi a menm.
1 Samuel 27:1David di nan kè l': -Yon jou konsa Sayil ap touye m'. L'a pi bon pou mwen si m' sove al kache nan peyi Filisti a. Konsa, Sayil va sispann mache chache m' nan tout peyi pèp Izrayèl la. p'ap gen danje pou mwen ankò.
Job 31:38Si se vòlò mwen te vòlò tè m'ap travay la kifè koulye a tè a ap mande m' kont,
Acts 16:37Men, Pòl di gad yo konsa: Gade non! Se sitwayen lavil Wòm nou ye wi. Yo bat nou devan tout moun san yo pa jije nou jan yo te dwe fè l' la. Apre sa, yo mete nou nan prizon. Koulye a yo vle lage nou an kachèt. Non, nou pa nan sa. Se chèf moun lavil Wòm yo menm ki pou vin mete nou deyò.
Acts 22:25Lè yo fin mare l' pou bat li, Pòl di ofisye ki te la a: Eske nou gen dwa bat yon sitwayen women ki pa menm pase devan yon tribinal?
Acts 25:21Men, Pòl mande pou Seza tande kòz li. Li mande pou yo kenbe l' nan prizon jouk Seza va pran yon desizyon sou ka li. Se konsa mwen bay lòd pou yo pa lage l' jouk m'a ka voye l' bay Seza.