Akdèzapot 3:12
Lè Pyè wè sa, li di pèp la: Nou menm moun laras Izrayèl, poukisa nou sezi konsa? Poukisa n'ap plede gade n' konsa? Gen lè nou konprann se nou menm ki fè nonm sa a mache ak pwòp fòs kouraj nou osinon paske n'ap sèvi Bondye?
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 41:16Jozèf reponn farawon an: -Se pa mwen menm non! Se Bondye ki pral bay farawon an esplikasyon rèv la.
John 3:27Jan reponn yo: Pesonn pa ka gen anyen si se pa Bondye nan syèl la ki ba li li.
Acts 2:22Nou menm moun laras Izrayèl, koute sa m' pral di nou la a: Jezi, moun Nazarèt la, se Bondye menm ki te voye l' paske nou te wè tout mirak, tout bèl bagay ak tout siy Bondye te ba l' pouvwa fè nan mitan nou. Sa se bagay nou tout konnen.
Acts 13:26Frè m' yo, nou menm moun ras Abraram lan ak nou menm moun lòt nasyon isit la ki gen krentif pou Bondye, Bondye voye di nou li vin delivre nou.
Romans 9:4Yo se pitit pitit Izrayèl; Bondye te chwazi yo pou pwòp pitit li. Se nan mitan yo Bondye te fè tout bèl mèvèy li yo. Se ak yo li te pase kontra li yo. Li te ba yo lalwa. Li te moutre yo jan pou yo sèvi l'; se yo ki te resevwa pwomès li yo.
2 Corinthians 3:5Konprann byen, mwen pa t' janm gen pretansyon pou m' ta kapab fè bagay konsa ak pwòp kouraj mwen. Sa mwen fè a, se Bondye ki fè m' ka fè li.