Akdèzapot 4:1
Antan Pyè ak Jan t'ap pale ak pèp la, prèt yo, kòmandan lagad tanp lan ak sadiseyen yo vin rive.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Matthew 3:7Lè Jan wè te gen anpil farizyen ak sadiseyen ki t'ap vin jwenn li pou resevwa batèm nan men l', li di yo: Bann vèmen! Ki moun ki fè nou konnen nou kapab chape anba kòlè Bondye k'ap vini an?
Matthew 22:16Yo voye disip pa yo ansanm ak patizan Ewòd yo bò kot Jezi pou mande li: Mèt, nou konnen ou se moun ki kare. W'ap moutre chemen Bondye a jan l' ye a, ou pa pè pesonn. Paske, ou pa gade sou figi moun.
Matthew 26:3Lè sa a, chèf prèt yo ansanm ak chèf fanmi yo ki t'ap dirije pèp la reyini nan palè granprèt yo te rele Kayif la.
Matthew 27:20Chèf prèt yo ak chèf fanmi yo pran tèt pèp la pou yo mande Pilat pou l' lage Barabas ba yo, pou l' fè touye Jezi.
Luke 22:4Jida al jwenn chèf prèt yo ak chèf gad ki t'ap veye tanp lan. Li di yo ki jan li ta ka fè yo pran Jezi.
John 18:3Se konsa, Jida al nan jaden an. Li te gen yon kolonn sòlda ansanm ak kèk gad avè li. Se chèf prèt yo ak gwoup farizyen yo ki te voye yo avè li. Yo tout te gen zam, yo t'ap pote fannal ak gwo chandèl tou limen.