Akdèzapot 4:13
Manm Gran Konsèy yo te sezi anpil lè yo wè ki jan Pyè ak Jan te gen konviksyon nan sa yo t'ap di, paske yo te vin konnen mesye sa yo se moun ki soti nan mas pèp la, ki pa t' resevwa okenn enstriksyon. Chèf yo te rekonèt yo tou pou moun ki te toujou avèk Jezi.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Matthew 4:18Antan Jezi t'ap mache bò lanmè Galile a, li wè de frè: Simon, yo rele Pyè a, ak Andre, frè li. Yo t'ap voye privye nan lanmè a, paske se pechè pwason yo te ye.
Matthew 26:57Moun ki te arete Jezi yo mennen l' kay Kayif, granprèt la. Se la tout dirèktè lalwa yo ansanm ak chèf fanmi yo te reyini.
Matthew 26:73Yon ti kadè apre, moun ki te la yo pwoche, yo di Pyè konsa: Se vre wi, monchè. Ou fè pati moun sa yo tou. Jan ou pale a fè nou rekonèt ou.
Luke 22:52Apre sa, Jezi pale ak chèf prèt yo, chèf lagad tanp lan ansanm ak chèf fanmi yo ki te vin pran li. Li di yo: Nou vin dèyè m' ak nepe epi baton, tankou si m' te yon ansasen.
John 7:15Jwif yo pa t' manke sezi. Yo t'ap di: Ki jan nonm sa a fè konnen tout bagay sa yo? Li pa janm al lekòl.
John 18:16Pyè menm te rete deyò, bò pòt la. Lè sa a, lòt disip la, ki te yon konesans granprèt la, soti deyò, li pale ak fanm ki t'ap veye pòt la, li fè Pyè antre.