Akdèzapot 4:26
Wa latè yo pran pozisyon, chèf yo mete tèt yo ansanm sou do Bondye ak sou do Moun li chwazi a!
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Psalms 2:2Wa latè yo pran lèzam. Chèf yo mete tèt yo ansanm, y'ap fè konplo sou do Seyè a, y'ap fè konplo sou do wa li chwazi a.
Daniel 9:24Sèt fwa swasanndizan an, se tan sa a Bondye fikse pou l' delivre pèp li a ansanm ak lavil ki apa pou li a anba peche ak mechanste. Lè lè sa a va rive, l'ap padonnen tout peche. Tout moun pral mache dwat pou tout tan. Konsa, tou sa yo te anonse nan vizyon an ak nan mesaj pwofèt la va rive. Yo pral mete lotèl la apa pou Bondye ankò.
Luke 4:18Lespri Bondye a sou mwen. Li chwazi m' pou m' anonse bon nouvèl la bay pòv yo. Li voye m' pou m' fè tout prizonye yo konnen yo lage, pou m' fè tout avèg yo konnen yo kapab wè ankò, pou m' delivre moun y'ap maltrete yo,
Hebrews 1:9Ou te renmen tou sa ki byen. Ou te rayi tou sa ki mal. Se poutèt sa, Bondye ki Bondye ou la chwazi ou. Li fè kè ou kontan nèt ale, li fè pou ou bagay li pa fè pou lòt zanmi ou yo.
Revelation 12:10Apre sa, mwen tande yon gwo vwa nan sièl la ki t'ap di: Koulye a, Bondye pral vin delivre nou. Koulye a Bondye fè wè li gen pouvwa, se li ki sèl Mèt! Koulye a, Kris li a fè wè otorite li. Paske, moun ki t'ap plede akize frè nou yo, moun ki te kanpe la devan Bondye, lajounen kou lannwit, ap pote plent pou yo a, yo mete l' deyò nan sièl la.
Revelation 17:17Bondye mete nan kè yo lide pou yo fè sa li menm li vle, pou yo tout tonbe dakò fè menm bagay, pou yo renmèt pouvwa yo kòm wa nan men bèt la, jouk tan pawòl Bondye yo va rive vre.