The Bible Software
bible.software › Daniel › Daniel 9 › Daniel 9:24

Daniel 9:24

Sèt fwa swasanndizan an, se tan sa a Bondye fikse pou l' delivre pèp li a ansanm ak lavil ki apa pou li a anba peche ak mechanste. Lè lè sa a va rive, l'ap padonnen tout peche. Tout moun pral mache dwat pou tout tan. Konsa, tou sa yo te anonse nan vizyon an ak nan mesaj pwofèt la va rive. Yo pral mete lotèl la apa pou Bondye ankò.

Bib La

In The King James Version

Seventy weeks are determined upon thy people and upon thy holy city, to finish the transgression, and to make an end of sins, and to make reconciliation for iniquity, and to bring in everlasting righteousness, and to seal up the vision and prophecy, and to anoint the most Holy.

In Context

23Depi lè ou te fèk konmanse ap lapriyè nan pye Bondye a, li te gen tan reponn ou. Se mesaj sa a mwen vin fè ou konnen. Ou se yon moun Bondye renmen anpil. Koulye a, louvri zòrèy ou pou ou ka konprann sans vizyon an byen.

25Konprann sa byen, louvri zòrèy ou. Depi lè yo te bay lòd pou yo te rebati Jerizalèm lan jouk lè chèf Bondye chwazi a va vini an, sèt fwa sètan pral pase. Yo pral rebati Jerizalèm avèk wout li yo ak miray ranpa li yo. Lavil la pral kanpe pou sèt fwa swasanndezan, men pandan tout tan sa a, moun pral anba anpil tray.

Read all of Daniel 9

Cross References

Leviticus 8:15Lèfini, Moyiz touye towo a, li tranpe dwèt li nan san towo a, li mete ti degout san sou kat kòn lotèl la. Apre sa, li fè ofrann pou peye pou tou sa moun te fè ki mal sou lotèl la, li vide tout rès san an atè nan pye lotèl la. Se konsa li mete l' apa pou Bondye, li mande Bondye gras pou li.

Numbers 14:34Nou menm, n'a peye konsekans peche nou an pandan karant lanne, yon lanne pou chak jou nan karant jou nou te pase ap vizite peyi a. Lè sa a, n'a konnen sa sa vle di lè m' vire do bay moun.

Psalms 2:6Li di: -Se mwen menm ki mete wa mwen an sou mòn Siyon, mòn ki apa pou mwen an.

Isaiah 42:4Li p'ap pèdi espwa, li p'ap pèdi kouraj, jouk l'a fin mete jistis toupatou sou latè, jouk moun ki nan zile yo va rete ap tann lòd l'ap bay yo.

Isaiah 51:8Moun sa yo pral disparèt tankou rad sizo ap devore. Yo pral fini tankou twal ki kanni. Men delivrans m'ap ban nou an ap la pou tout tan. Pitit pitit nou yo p'ap janm nan ka pou m' delivre yo ankò.

Isaiah 53:11Apre tout soufrans sa yo, l'a jwenn kè kontan ankò. L'a konnen li pa t' soufri pou gremesi. Li te sèvi Bondye yon jan ki kòrèk nèt. Li te pran chatiman anpil moun sou do l'. L'a fè Bondye fè yo gras.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Daniel 9:24

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Daniel 9:23Daniel 9Daniel 9:25 →