Acts 4:30
Lonje men ou pou yo ka fè gerizon, mirak ak lòt bèl bagay nan non Jezi, sèvitè ki te viv pou ou a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 6:6Men sa ou pral di moun pèp Izrayèl yo: Se mwen menm menm ki Seyè a. M'ap ban nou libète nou, m'ap wete nou nan travay di moun peyi Lejip yo ap fòse nou fè a. M'ap delivre nou anba esklavaj kote yo mete nou an. M'ap lonje bra m' pou m' delivre nou, pou pini moun peyi Lejip yo byen pini.
Jeremiah 15:15Lè sa a mwen di: -Ou menm, Seyè, ou konn tout bagay. Pa bliye m' non! Vin pote m' sekou! Tire revanj pou mwen sou moun k'ap pèsekite m' yo! Pa al twò dousman ak yo pou yo pa gen tan touye m'. Chonje se poutèt ou y'ap joure m' konsa!
Luke 9:54Lè Jak ak Jan, de nan disip yo, wè sa, yo di li: Mèt, ou pa ta vle nou bay lòd pou dife nan syèl la desann fin ak yo?
John 4:48Jezi di l' konsa: Si nou pa wè mirak ak bèl bagay, nou p'ap janm kwè.
Acts 2:43Tout moun te gen krentif devan kantite mirak ak bèl bagay apòt yo t'ap fè.
Acts 3:16Nou wè nonm sa nou konnen an, se pouvwa ki nan non Jezi a mete ak konfyans nou gen nan non sa a ki ba li fòs ankò. Se konfyans nou gen nan Jezi ki fè l' geri nèt, jan nou ka wè l' la.