Acts 5:3
Lè sa a, Pyè di li: Ananyas, ki jan ou fè kite Satan antre nan kè ou pou l' fè ou bay Sentespri manti, pou l' fè ou kenbe enpe nan lajan tè a pou ou?
Bib La
In The King James Version
In Context
2Men, dakò ak madanm li, Ananyas kenbe enpe nan lajan an pou li, epi li al renmèt apòt yo rès la.
Cross References
Genesis 3:13Seyè a, Bondye a, mande fanm lan. Poukisa ou fè sa? Fanm lan reponn li. Se pa mwen non! Se sèpan an wi ki pran tèt mwen ki fè m' manje l'.
Deuteronomy 23:21Lè yonn nan nou pwomèt Seyè a n'ap fè kichòy pou li, pa kite twòp tan pase anvan nou kenbe pwomès la, paske Seyè a, Bondye nou an, p'ap manke mande nou kont. Lè sa a, n'a gen yon peche sou konsyans nou.
1 Chronicles 21:1Yon jou, Satan move sou pèp Izrayèl la, li pouse David al konte konbe moun ki nan pèp Izrayèl la.
Psalms 94:7Lè konsa yo di: Seyè a pa wè nou! Bondye pèp Izrayèl la pa okipe bagay konsa!
Ecclesiastes 5:4Lè ou fè yon pwomès bay Bondye, pa mize fè sa ou pwomèt fè a. Bondye pa nan jwèt ak moun ki san konprann. Sa ou pwomèt fè a, fè l'.
Jeremiah 23:24Pa gen kote yon moun ka al kache pou m' pa wè l'. Nou pa konnen mwen toupatou nan syèl la ak sou latè a? Se Seyè a menm ki di sa.